Haiti Reconstruction

Rebuilding Haiti must start from the ground up, with agricultural education

Yon Ranmase sou 3 etap pwogram nan an kreyol pou komite Agrikilti a nan Grigri.

Eske ou pa janm tande jan te ki nan monn ayiti yo vid e san fos pou pwodwi epi tout pye bwa yo disparet? Foto sa yo fet nan Labiche(zonn pawas la)

 eroded hillside

Premye etap la :

Premye etap la se etap ki pi enpotan an. Si nou pa fe premye etap la nou pap ka fe ni dezyem nan ni twazyem nan.

Pi bon plant ki itilize nan tout peyi ki ap konbat erozyon se Vetiver. E nou gen anpil chans an Haiti sitou nan grigri nou genyen Vetiver a gratis nou pa bezwen ale achete li.

Li bon pou plizye bagay, li bon pou konseve te a kont erozyon, anplis li bon tou pou fe teras nan te a sa vle di li kenbe te a pou li pa ale nan ravin.

San vetiver li pa posib pou ap plede plante manje tankou pitimi ak mayi nan yon te, si ou pa gen anyen ki pou kenbe te a .

Se menm jan ak yon tibebe li imposib pou lip pran yon dezyem pa oubyen yon twazyem pa san li pa pran premye pa a .

Etap 1 an se menm jan li mache.

Si nou vle pwojet a mache tout bon fok nou deside plante vetiver a .

Vetiver a gen anpil bagay li ka fe pou nou nan yon projet a lontem.

Gen anpil eksperyans moun fe ak vetiver nan anpil peyi sou late beni, yo reyalize ke le ou plante vetiver gen yon gro diferans. Epi pa bliye vetiver a sipoze plante 4 met de distans sa pral depann de jan mon nan fet si li vreman apik ou ap dekouvri 4 met la pa gen distans nan mitan . Sa pral revyen ou menm pou konnen si ou vle kat met oubyen mwens ke kat met. Pa bliye bliye tank ou plante li pi pre ou gen plis travay.

vetiver  vetiver row

Photobucket vetiver

Etap 2 : Refe te a e plante pye bwa nan tet mon nou yo.

Gen anpil liv ki ekri sou haiti ak pyebwa ki bon pou late. Dapre etid moun ki ap travay nan kesyon agrikilti etazini dekouvri ke gen kek plant ou kapab plante nan te a ki refe te a pou kont li, san ou pa bezwen genyen anpil eleman konpos oubyen angre. Gen anpil kondisyon ki dwe reyini anvan nou deisde plante yon moso te, men nan peyi dayiti moun yo telman pa gen anpil te ou li oblije pa gen chwa se sa selman li fe chak ane.

Apre ou fin demare ak premye etap la ki se plante vetiver epi wap rantre nan dezyem etap la ki se plante pyebwa nan te a pou refe li.

Le nou di plante pyebwa se pa selman plante nenpot kalite pyebwa , non se plante sa ou konnen ki ap bon pou te a.

Dapre yon etid ki fet nan peyi etazini yo reyalize ke tout pyebwa ki fe gous tre tre bon pou te a tankou Benzoliv ak Lesena ( gen kote yo rele li delen)

San nou pap bay tet nou manti, gen de tet mon nou genyen nou pa pwal plante yo paske yo tro apik. Ebyen, nan tet mon sa yo plante pyebwa paske si jenerasyon ki te vini anvan nou an pat konn plante pyebwa pou nou ki kote ou panse nou tap ye kounye a ? Poze tet ou kesyon sa a epi reflechi sou li.

Gen anpil benefis nan plante Lesena a paske li bon ni pou moun ni pou zannimo tou. Le ou genyen fey lesena ki ap tonbe sou yon te mwen asire ou apre yon seten tan ou sipoze te a pa menm jan anko wap we gen yon amelyorasyon.

Antouka dezyem etap la se plante pyebwa nan mitan vetiver ou te plante nan premye etap la epi pa bliye tou ou kapab toujou plante pye fwi nan mitan ran vetiver a tankou Zoranj dous limon mandarine ak tout lot fwi ou konnen ke te a ka fe. Paske pa bliye pou fetilize yon te se pa selman mete angre sou li , si nou ta di nou ap mete angre nan yon te nou pa tap gen lajan pou achete angre. Nan pwoje nou genyen an si ou fe premye etap la epi ou fe dezyem lan ou pap gen problem pou reyalize twazyem nan.

Depi tout kondisyon sa yo reyini ou met konnen ou pre pou komanse fe jaden. Moun ki gen gro mwayen nan peyi etazini achete angre pou late li koute yo anpil lajan pou fe sa men apre yo fini rekolte manje yo fe yo reyalize ke yo pa fe anyen kom benefis paske tout lajan an pase nan achete angre. Se pou sa yo vini ak lide pou plante pyebwa ki kapab bay te a angre pou tet li san ou pa achete li yo rele plant sa yo an angle « Self nitrogen fixing plants » plant sa yo se lesena , Benzoliv, ect....

Tout pyebwa ki genyen gous se pi bon pyebwa pou nou plante nan te nou bezwen refe. Gen anpil pawol ki pale de lesena , gen moun ki di li touye te a , gben lot moun ki gen move lide sou vetiver a tou yo di li fe te a red. Men dapre etid yo fe yo trouve ke vetiver se pi bon plant ki ak egzisite paske rasin li desann dwat nan te a li ka kouri sou te a sa vle di nenpot sa ki plante tou pre vetiver a pap gen okenn problem paske rasin vetiver a pap touche ak li. Sonje pa gen te ki pa bon, tout te gen yon bagay li ka fe. Kom rezime premye etap la se plante vetiver a epi dezyem etap la se refe te a pandan nap plante plis pyebwa. Epi nou ap we koman lavi nou ap vin amelyore tipa tipa. Sonje anko Program nan pran tan se pa yon bagay ki ap fet nan yon mwa, men si nou pa fe li ditou pitit nou pitit pitit nou pap gen okenn eritaj nou ka kite pou yo.

 prosopis

Etap 3 : Fe te a pwodui plis manje.

Genyen 5 bagay nou ka fe pou nou ka fe te a pwodui plis manje.

  1. Premyeman : se bay plant nou yo plis dlo, pou sa rive fet fok nou byen pran swen etap 1 ak etap 2 a epi tou yon lot fason nou ka fe sa se avek kit irigasyon ke nou deja pote nan gri gri e nou ka menm pote plis tout sa pwal depann de jan projet a ap mache.
  2. Dezyemman : se mete fetilize nan te a sa nou kapab rele tou angre a.

    Angre a genyen plizye non isi nan etazini. Men tou yo fe sa nan yon lot fason kote yo plante plant yo konnen ki bon pou te a yo plante tou plant ki kenbe dlo nan te a . Epi yo mare bet sou te a paske gen kek zannimo twalet yo se youn pami pi bon angre ki te kapab genyen.

  3. Twazyemman : nou pwal eseye travay ak komite a nan grigri pou nou we koman nou ka ede yo jwenn pi bon semans sa nou te ka rele semans amelyore yo. Sa vle di nou konnen ke Grigri gen anpil Zaboka ak Zoranj si men nou ka toujou chache semans ki telman genyen nan Grigri tankou Zoranj dous , Limon, Gro sitwon. Bagay sa yo nou ka ede ou jwenn semans pou develope biznis nan Grigri. Yon lot jan nou ka ede ou tou se nan kesyon zannimo, nou ap gade koman nou ka ede zanmi nou yo nan Grigri ak yon pwogram yo rele Inseminasyon atifisyel ki se yon fason pou nou kapab pote jem kabrit etranje vini Grigri epi nou enjekte li anndan kabrit nou yo konsa nou kapab gen yon ras kabrit ki pi bon pase sa nou genyen kounye a .
  4. Katriyemman : se pou nou itilize insektisid ki se yon pwodui ki fet pou elimine bet ki ap manje plant nou yo. Gen plizye fason nou kapab jwenn insektisid gen sa ki natirel oubyen atifisyel. Gen kek fason ou ka elimine insek ki ap manje plant ou san ou pa depanse lajan nan achete insektisid nan magazen. Nan yon pwochen rankont bnou a di ou plis de sa.
  5. Senkyemman : Denye sa ki ka fe nou produi plis manje pou nou manje ak pou nou vann se fe pepinye , li toujou konseye pou nou ta fe pepinye avan bay plant lan yon bourad pou ede li derape. Dapre yon etid ki fet nan peyi devlope yo ou gen plis chans pou leve yon plant le se nan pepinye li komanse ke le ou jis plante grenn nan yon fwa.

Family sized bucket kits   drip gardens

Pandan nou ap ankouraje ou plante pyebwa , plante vetiver nou konnen kijan li difisil pou ou fe sa yo si pa gen yon projet a koutem. Se nan sans sa a Komite Agrikilti a nan Risen Savior deside ede moun Grigri yo devlope grigri nan plizye sans. Objektif komite a se fe grigri jwenn bote li anko epi tou pou tout moun grigri ka jwenn manke pou yo manje ak fanmi yo. Men pou sa rive fok genyen kolaborayon ak tet ansanm. Nou vle e nou deside ede ou nan pwojet a lontem e akoutem , men fok gen kominikasyon , san sa pa gen anyen ki ap mache paske menm nan labib nou we na nan jan chapit premye bondye di ke nan komansman se te lapawol e se li ki te kreye limye , e pawol ap toujou la . An jenral kominikasyon se kle pou projet a vini yon reyisit. Mwen swete nou bon chans epi mwen esepere le komite Agrikilti a retounen grigri pou yo we gen devouman kolaborasyon ak inite nan mitan ekip la. Mwen salye nou tout , mwen renmen nou tout, e map mande Bondye pou li beni , beni Grigri epi ke pwojet a yon reyisi pou moun nan pawas Grigri ak tout chapel yo epi tou yon reyisit pou komite pa bo isi a nan Risen Savior.

erosion control

© 2017   Created by Mike Mahowald.   Powered by

Badges  |  Report an Issue  |  Terms of Service

} }